+ All Categories
Home > Documents > Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse...

Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse...

Date post: 12-Mar-2021
Category:
Upload: others
View: 5 times
Download: 2 times
Share this document with a friend
72
Transcript
Page 1: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon
Page 2: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon
Page 3: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon
Page 4: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

AVANSE POU PI LWEN Premye edisyon 2015 Copyright House of Worship Foundation Design kouvèti a: Clayton Lanoy Design grafik la: Maristella Martis Tradiksyon: Lissa Gracia Iglesia House of Worship Erosweg 52 +5999-738-4344 [email protected] www.how-online.org

Page 5: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon Chapit 3 Pwogrè —20 3.1 Pwogrè se yon desizyon pèsonèl 3.2 Kisa mwen dwe fè pou m’ pwogrese 3.3 Poze tèt ou kesyon sa yo 3.4 Men sa ou bezwen pou pwogrese 3.5 Kisa mwen bezwen pou mwen fè pwogrè 3.6 Kòman nou ka rive fè pwogrè 3.7 Pwogrese ti pa ti pa 3.8 Kijan ou kapb fè pwogrè 3.9 Pou pwogrese li koute 3.9.1 Kisa w’ bezwen pou w’ pwogrese Chapit 4 Planifye—34 Chapit 5 Sèvitè Bondye ki te fè pwogrè —37 5.1 Neyemi te fè pwogrè 5.2 Jozèf te pwogrese 5.3 Jedyon te pwogrese 5.4 David te pwogrese 5.5 Disip yo te pwogrese

Page 6: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Chapit 6 Lapenn oubyen Regrè? —46 6.1 Pwogrese 6.2 Jan mond lan wè lapenn 6.3 Lapenn jan Bondye vle l’ la 6.4 Lapenn jan Bondye vle l’; lapenn mond lan 6.5 Lapenn jan mond la vle l’ mete aksan sou ‘MWEN’ 6.6 Lapenn jan Bondye vle l’ li konsantre sou Bondye Chapit 7 Nwizans (Anpechman) ki fè ou pa ka progrese —55 7.1 Obstak (bagay) ki ka anpeche ou pwogrese 7.2 Bagay pèsonèl ki se yon anpechman 7.3 Sa yo se lòt anpechman ki konn genyen lè ou vle pwogese 7.4 Espri Absalon 7.5 Espri Madyan 7.6 Kòman pou defèt epsri madyan an Chapit 8 Avèk kimoun ou ap mache? —68

Page 7: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

REMÈSIMAN

Avan tou m’ vle di Bondye mèsi anpil paske l’ te voye Wa nou e sovè nou Jezi Kri pou sove, libere, geri nou e ba n’ lavi etènèl. Nou vle remèsye Sentespri pou enspirasyon ke l’ ba nou e voye frè nou ak sè nou k’ beni pou ede nou fin complete ti liv sa a. Nou vle remèsye a Madeline ak Rayens Luciana, Lisavette ak Sidney Genoveva, August ak Betty Jacobs, Alexandra Zimmerman, Maristella ak Richinel Martis, Luisette ak Rafael Martis, Elma ak Berry Huggins, Beverly Mathilda, Lissa Gracia, Clayton Lanoy pou design sou kouvèti a, tout sè n’ ak frè n’ na House of Worship e tout moun ki te koopere nan ti liv sa a. Nou vle remèsye tou pastè Ludwig ki te kolabore anpil nan chapit 7 ti liv sa a. N’ap mande ‘bondye pou beni chak nan yo yon fason espesyal.

Page 8: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

ENTWODIKSYON Nou rive nan moman kote Bondye ap rele pitit li yo pou avanse, li vle pou pitit li yo avanse pou pi lwen. Pandan lontan mond kretyen an bay twò piti fanm ak gason ki pou fè yon enpak nan Kiraso. Nou timid, trankil, nou rete nan yon kwen, dèyè rido nan zòn konfòtab nou (kote nou alèz). Nou kwè ke Bondye ap lanse yon gran apèl a pitit li yo leve e pran pozisyon yo. Men pou nou fè sa, li mande kouraj, detèminasyon ak disiplin. Fò nou pran responsablite nou. Bondye rele nou pou nou, fè lwanj li, pou nou anonse bonte l’ e mèvèy li yo. Se sèlman pèp chwazi a ki ka fè sa, pa gen lòt moun ankò. Avèk ti liv sa a nou vle kontribye pou nou ankouraje sè n’ ak frè n’ yo pou leve kanpe e avanse pou pi lwen. Ann avanse pou pi lwen sè m’ ak frè m’ yo. Nou kapab paske Bondye se papa nou e li gen tout pouvwa pou fè nou tou sa l’ vle pou n’ ye. Bondye beni w’ e pwoteje w’. Ke Sentespri enspire w’ pa pouvwa l’. Bondye beni w’, Pastè Raimy ak Arlette Juliet

8

Page 9: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Efezyen 3:14-21 “Wi, se poutèt sa, mwen tonbe aje nou devan Papa a, ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo. M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou, pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen, pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye. Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou. Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!”

9

Page 10: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Chapit 1

Bondye ap rele pitit li yo pou soti kote yo ye a pou pase nan yon lot dimansyon ki pi wo, pou avanse pou pi lwen. Pou avanse pou pi lwen. Pou deplase e avanse pou pi lwen, avan tou fòk ou evalye kote ou ye. Lè ou konnen kote ou ye, fòk ou genyen yon plan ki klè e fòk ou fè aksyon reyèl avèk kouraj e detèminasyon. E sa mande plis sakrifis e pou bay plis, nan tout sans e nan tout aspè nan vi ou.

10

Page 11: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Nan yon sèl mo, fòk ou angaje w’ plis, non sèlman anvè Bondye, men anvè lòt yo tou. Se sa k’ fè nou pale de avanse pou pi lwen, n’ap pale de grandi, avanse e pase de yon nivo a yon lòt. Nou ap pale de bouje e pase a laksyon.

Nan mouvman nou ‘deplase avanse pou pi lwen’ la fwa se yon bagay ki enpòtan anpil. Nou dwe gen lafwa nan moun ki rele nou pou nou avanse a. Lafwa nou nan Bondye sipoze fè nou poze vrè aksyon. Lè nou pale de lafwa, nou vle di lafwa progresiv, lafwa ki ka pèmèt ou poze bonjan aksyon Lafwa sa a ap pèmèt ou kwè e espere nan bagay w’ap tann nan, menm si ou pa wè l’. Sa se yon nivo de vi pi wo. Jezi di: “Benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè.” Lè w’ viv ak dimansyon lafwa sa a, ou se yon moun ki beni. Lafwa grandi lè ou ba li manje ki nesesè. Gen yon sèl mwayen ke lafwa kapab grandi, se ak pawòl Bondye. Lafwa tou se de tanzantan. Se menm jan nou ka pran egzanp yon pyebwa ki prodwi fwi. Li kòmanse ak yon grenn, lè ou pran swen l’ jan ou dwe fè l’, l’ap vin yon plant e apre sa l’ ap vin yon pyebwa k’ap prodwi fwi. Lè sa a nou di pyebwa a rive nan sezon l’. Lafwa nou tou dwe grandi e lè l’ rive nan sezon l’ n’ap wè fwi yo. Gen diferan degre sezon.

11

1.1 LA FWA NOU

Page 12: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Menmjan nan la nati yon pyebwa k’ap grandi ka rive nan sezon pou l’ bay fwi, se konsa tou moun ki nan pwosesis pou rive nan sezon l’ sipoze pase pa eprèv. Poukisa? Si li pa pase pa eprèv yo, li p’ap janm konnen fos ki nan li, ki grandè l’ e ki nivo la fwa l’. Mwen rete kwè ke Bondye vle pou nou deplase pou nou ka ‘avanse pou pi lwen’. Nou sipoze grandi nan tout sans e tout aspè nan vi nou. Li posib si sèlman nou tande vwa Bondye, obeyi l’ e swiv li. Yon moun pa kapab apiye sou okenn lot bagay ki pa Bondye. Ou pa ka konte sou tit, entelijans, pozisyon w’ (si nou ka di l’ konsa) ni nan sa w’ genyen deja. Fòk ou detache ak bagay sa yo pou kapab kontinye leve defi ki devan w’ yo. Labib esplike ke lè Bondye te rele Abraham, papa lafwa a, lè li tande vwa Seyè a, li te oblije kite pou l’ ale. Li pa t’ kapab rete kote l’ te ye a. Li te oblije kite kilti l’, koutim, tradisyon, fanmi, tè, propriyete, amitye ect. Fòk li te kite Haran pou l’ avanse vè kanaan. Li te oblije deplase e avanse pou pi lwen. Aksyon sa ke Abraham te poze a, se paske se Bondye menm ki te pale ak li, e li te fé l’ pwomès, menm pou desandan l’ yo. Men si Abraham pa t’ ni deplase, ni obeyi Bondye, li t’ap rete atache ak abitid li yo, tradisyon l’ yo. Lè sa a Abraham t’ap pèdi plan ak benediksyon e desandan l’ yo tou. E nan menm lide a tou, ou jwenn anpil moun ki mouri e ki pèdi plan pou la vi yo.

12 - Avanse pou pi lwen

Page 13: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Bondye ap rele nou pou nou deplase e avanse pou pi lwen. Pa gen yon moun ki fèt pou rete nan pase. Youn nan nou pa t’ fèt pou nou rete yon sèl kote nan vi nou, ni rete atache ak ansyen siksè. Nou chak menm jan ak Abraham sipoze pare, pou n’ abandone tout bagay pou n’ ale. Se konsa nou ap kapab fè pwogrè nan bagay natirèl kòm nan bagay espirityèl.

Pou n’ avanse pou pi lwen gen yon pri, li mande pou nou genyen:

Yon kè ki dispoze. Yon bon atitid. Antre pi fon tankou Jezi di. Pase plis tan nan pawòl la. Obeyisan. Plis tan nan lapriyè. Dedye plis. Modenize tèt nou. Bay plis nan lajan nou. Bay plis nan tan lib nou. Rezilta tout aksyon sa yo ki anle a, ap diminye nou menm (mwens la chè) ogmante li menm (plis lespri) ki vle di bay plis de ou menm.

13

1.2 AVANSE POU PI LWEN GEN YON PRI

Page 14: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Lè ou tande vwa Bondye e ou resevwa enstriksyon ak direksyon l’, fè sa l’ di ou la menm kote a e fè aksyon ki reyèl, pa rete pou se moun ki pou ap pouse w’ ni fòse ou pou fè sa Bondye di w’ pou fè a, li sipoze vini natirèlamn, pa kite se yon bagay ki pou pase, yon aksidan oubyen yon move bagay ki pou fè ou fè sa Bondye di w’ la. Non, tande e aji. Konsèy ke mwen vle ba ou mwen menm se, mete plis atansyon lè y’ap preche e pale avèk ou, ekri yo e gade yo apre. Apre sa ke w’ resevwa a, fouye plis sous sa w’ te a ke resevwa a e fè sa ki reyèl.

14

Page 15: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Chapit 2 Pou deplase e anvanse pou pi lwen fòk ou genyen yon vizyon. Pawòl Bondye di: “Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l' fè, pèp la an debandad nèt.” Kisa yon vizyon ye?

15

Page 16: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Yon vizyon se yon foto lavni, ki leve yon pasyon nan yon moun pou l’ akonpli yon misyon. ‘Bill Hybels’ Nou li nan liv Abakik 2:2-3, Men repons Seyè a ban mwen. Li di m' konsa: “Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave l' byen grave sou wòch plat pou moun ka li l' fasil. Ekri l' paske se poko lè pou sa m' pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l' rive. Li gen pou l' rive vre. Si li pran reta pou l' rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l' rive lè pou l' rive a.” Vizyon se premye bagay nou sipoze genyen, nan aktivite pèsonèl, legliz, biznis, gouvènman oubyen nan nenpòt lòt oganizasyon. Ou sipoze konnen ki kote ou ye pou konnen ki konnen vle rive. Yon vizyon sipoze enspire ou e leve yon pasyon nan ou pou ou rive kote w’ vle rive a. San vizyon yon moun pa kapab avanse. Pase moun sa a ap mare l’ e sa ap fè ke li pap kapab vanse pi devan. Bondye te bay mwen ak madanm mwen yon vizyon ki klè sou sa nou gen pou nou fè. Nan komansman nou pa t’ trò byen konprann kisa Bondye te vle di nou. Men nou te gen responsabilite pou nou kontinye chèche Bondye e gen de moman apa ak Bondye. Lè ou pase moman apa ak Bondye li pèmèt ou jwenn revelasyon sou alyans ak vizyon l’. Bondye menm ap aprann ou e montre w’ ki wout pou ou pran. Sa nou ekri la, se yon bagay ki reyèl, Bondye se laverite e pa gen fènwa nan li. Nou se temwen de bagay Bondye fè yo nan tan sa a n’ap viv la.

16 - Foto lavni

Page 17: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Sanktifikasyon soti nan ti moman apa nou pase ak Bondye. Se sanktifikasyon ki ka fè nou kontinye resevwa revelasyon sou vizyon Bondye ba nou. Pi gran lide nou kòm kretyen dwe pou nou wè Bondye. Pawòl Bondye a di: Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa pa gen moun ki ap wè senyè a (Ebre 12:14). Bib la ekzote nou pou nou mennen yon lavi ki apa pou Bondye, paske li vle pou nou sen. 1 Pyè 1:14-17 “Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t' konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt. Si lè n'ap lapriyè nou rele Bondye: Papa, li menm ki p'ap gade sou figi moun men k'ap jije tout moun menm jan dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete pou nou pase sou tè a.” Jan nou li a nou kapab wè ke sanktifikasyon gen pou li wè ak kondit nou. Yon moun ki gen yon kondit ki sen, se yon moun ki gen relasyon ak Bondye. Se sa ki fè m’ap retounen di ‘San sanktifikasyon pèsonn p’ap ka wè Seyè a’.

17

2.1 SANKTIFIKASYON

Page 18: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Tèks sa a dwe fè nou sonje ke viv pou Bondye dwe yonn nan pi gwo lide nou. Sanktifikasyon se lè nou mete nou apa pou Bondye. Se pou nou viv pawòl la nan sanktifikasyon e an verite. Jezi te priye Bondye pou li sanktifye nou ak verite a e se pawòl Bondye a ki laverite. Se pou nou rete nan pawòl Bondye pou nou ka resevwa enstriksyon ak direksyon ak yon kè sensè e onèt pou nou ka sanktifye. Mache nan la sanktifikasyon vle di pou viv pawol la nan lavi w’. Se konsa lòt moun ap enspire ou pou swiv vizyon Bondye ba ou a. Espesyalman si ou se yon kwayan, pastè ou byen yon lidè.

Tout moun ki vle avanse pou pi lwen bezwen direksyon, paske lè pa gen moun pou dirije yon peyi, li pa ka mache. Yon moun oubyen yon pèp bezwen direksyon. Lè yon pèp gen bon dirijan sa fè pèp la gen siksè ak viktwa. San direksyon yon pèp aji tankou moun fou. Lè espri san lwa ap kontwole yon pèp sa kondi pèp la nan chemen destriksyon.

18 - Foto lavni

2.2 DIREKSYON

Page 19: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Pou yon moun dirije yon pèp moun sa a dwe konnen trè byen kisa l’ap fè. Moun sa a pa kapab yon inyoran. Moun sa dwe etidye tout materyèl ki pou aprann li dirije. Jezi te di si yon avèg ap dirije yon lot avèg, tou lè de ap tonbe nan twou, se sa ki fè responsablite chak moun se pou ou konnen ki moun ou bay dwa pou dirije w’. Pa janm swiv yon moun pou karism li, chèche konnen karaktè l’, paske yon moun san karaktè ap mennen ou nan defòmasyon, desepsyon, dekourajman, difamasyon ak destrikyon. Chèche konnen ki moun w’ ap bay dwa pou dirije w’ pou ou pa tonbe, paske bi final la se pou rive kote w’ dwe rive.

19

Page 20: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Chapit 3 Apre ke Bondye te fin montre m’ ke Legliz la dwe avanse pou pi lwen, kounye a mwen pral montre nou kòman pou nou pwogrese nan pratik la. Pou Legliz la pwogrese, chak moun dwe pwogrese. Le m’ pale de pwogrè mwen vle di, pou nou pran yon lòt nivo ak yon lòt dimansyon ak vi nou. Sa vle di pou nou repozisyone nou e pran responsabilite ke Bondye te ba nou.

20

Page 21: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Pwogrè se yon pwosesis ki pèmèt devlopman, grandisman e matirite. Pou nou pwogrese, gen kèk bagay pou nou mete de kote e gen bagay pou nou debarase nou de li tou, gen ladan yo ke nou sipoze chanje e ranplase ak lòt bagay e genyen n’ap bezwen reranje. Labib montre nou kote ke Bondye tou te konn fè chanjman, wa ak prèt, pou pèp li te ka gen viktwa e mennen yon vi ki dakò ak volonte l’. Wa Sayil ak prèt Eli, pou n’ site sa yo sèlman, yo te pami chanjman ke Bondye te rive fè. M’ vle konprare yon krib ke yo itilize nan konstriksyon. Kilè ou itilize yon krib? Ou itilize l’ le ou vle fè yon travay ki rafine. Pa egzanp, lè ou ap randui (pase lacho) anndan yon kay, ou pase sab la nan krib pou retire tout gwo wòch yo nan sab la, pou ka rafine e randui mi ki anndan kay la. Sa vle di ke ou itilize l’ lè ou ap fe yon separasyon ant sa ou bezwen e sa ou pa bezwen. Nou kapab rele pwosesis sa a separasyon. Gen plizyè fason yon moun kapab vannen (tamizen). Lè yo itilize yon ti krib, yo itilize yon ti bwa pou yo brase sab la e gen de fwa yo souke krib la ak tout sab la ladan l’. Se menm pwosesis la Bondye itilize pou moun ki vle pwogrese. Li vannen pou retire tou sa ki se yon anpechman, se konsa ou ap kapab pwogrese nan fason li vle a, lè sa ou pwogrese e ou pran yon lòt nivo.

21

Page 22: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

3.2 KISA MWEN DWE FÈ POU M’ PWOGRESE?

Pou yon moun vinn yon disip Jezi, fò moun sa a vle fè pwogrè. Moun sa dwe prè pou li renonse a tout bagay pou li swiv Jezi, moun sa dwe konsyan ke si li mete men sou chari a ke li pa gen dwa vire gade dèyè. Li dwe konsyan ke li sipoze pran kwa li pou li swiv Jezi. Pou yon moun pwogrese, li dwe fè moun ki di li pou li pwogrese a konfyans. Nan pati sa a, mwen vle pale de pati espirityèl la, men li konte tou pou kèlkeswa oganizasyon an. Si yon moun pran desizyon pou li pa pwogrese, li p’ap pwogrese. Sa yon moun dwe konnen sè ke si ou fè pati de yon oganizasyon ki vle pwogrese, menm lè w’ pa ta vle progrese, oganizasyon an ap fè pwogre san ou. Se pou rezon sa a, se ou menm ki pou deside si ou vle pwogrese oubyen ou vle rete kote ou ye a. Mwen dwe fè tèt mwen konnen ke se bondye ki rele m’ e chwazi m’. Mwen dwe konnen ke Bondye kreye m’ pou m’ glorifye l’ e ke tout sa mwen fè sipoze pou glwa non li. Mwen sipoze konnen ke Bondye kreye mwen pou yon rezon e ke Bondye vle reyalize plan l’ nan lavi m’. Mwen dwe gen asirans ke mwen se yon disip Jezi. Mwen dwe kite Sentespri gide m’. Fòk mwen anvi pwogrese.

22 - Powgrè

3.1 PWOGRÈ SE YON DESIZYON PÈSONÈL

Page 23: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Mwen soumèt a Bondye? Mwen dedye m’ a Bondye? Konbyen fwa m’ li pawòl la? Konbyen tan m’ pase nan lapriyè? Kòman mwen bay? Mwen peye ladim? Mwen dedye m’ a fanmi m’? Mwen dedye a kongregasyon m’? Mwen respekte pastè m’? Mwen mache selon sa pastè m’ aprann mwen? Mwen imite la fwa yo? Mwen anvi pwogrese?

1. Yon vizyon e yon kontra (alyans). 2. Kenbe je ou sou vizyon an ak kontra a (alyans). (Ebre 12:1-2) 3. Ou dwe sonje ki moun Bondye di ou ye. (ras chwazi, yon bann prêt k’ap sèvi wa, yon nasyon k’ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte - 1 Pyè 2:9) 4. Tande direksyon Lidè a bay la e swiv li. 5. Fikse je ou sou kote ou vle rive a. 6. Mete nan tèt ou ke pou pwogrese, li koute chè. 7. Pa bliye ke ou fè pati de pwosesis la. 8. Mete tout sa ki se yon anpechman a kote. 9. Sonje ke gen bagay ou dwe abandone.

23

3.3 POZE TÈT OU KESYON SA YO

3.4 SA OU BEZWEN POU PWEGRESE:

Page 24: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

10. Konnen ki kote w’ vle ale nan pwogre a. (sa vle di, nan ki direksyon ou vle pran) 11. Kijan ou vle pwogrese. 12. Ak ki moun ou vle pwogrese 13. Detèmine ki jou ou vle pwogrese. Kounye a la se pou nou konnen kijan nou vle pwogrese, avèk kisa e ki jou nou vle pwogrese. Jan mwen te di sa deja, nou dwe an mezi pou nou konnen kisa nou bezwen pou nou fè pwogrè. Pwogrè, se pa konsa ou annik rete pou di, m’ vle progrese.

1. Entimite ak Bondye 2. Lanmou 3. La fwa 4. Espwa 5. Obeyisans 6. Pèseverans 7. Kouraj 8. Detèminasyon 9. Grenn pou seme 10. Disènman (Konnen Byen ak mal) 11. Sajès 12. Konesans 13. Konpreyansyon 14. Pasyon 15. Zèl

24 - Powgrè

3.5 KISA MWEN BEZWEN POU MWEN FÈ PWOGRÈ:

Page 25: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Gen plizyè tip nechèl e tout gwosè. Se sa ou vle fè a ki pral di ki nechèl pou achte. Se menm jan an tou, gen plizye tip chafodaj e kalite tou. Se wotè ou vle rive a ki ap fè ou konnen pou konbyen tan ou vle chafodaj la. Konsa tou gen tout gwosè ewolyèn, se kantite kouran ou vle pwodui a ki ap di ki gwosè ewolyèn w’ ap bezwen. Prensip la se: Tan ou vle ale pi wo, twou sol (fondasyon) la dwe pi fon. Konbyen etaj ou vle bilding nan, oubyen kay la genyen? Tan ou vle pou kay ou pi wo, ou fouye twou sol la pi fon e pi solid. Fè yo sipoze pi gwo e materyèl ou yo dwe pi solid. Se sa ki fè li enpòtan anpil pou gen yon plan avan ou komanse konstwi. Ou dwe konnen davans ki wotè ou vle konstwi pou ou kapab konnen ki pwofondè twou sol la dwe ye.

25

3.6 KÒMAN NOU KA RIVE FÈ PWOGRE?

Page 26: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Pwogrè ti pa ti pa se pou pwogrese tou natirèlman. Pa janm eseye pwogrese yon sèl kou, paske se pa pwosesis natirèl la pou yon moun pwogrese.

Gade nan de imaj sa yo ke yo montre a, ou ka konprann kisa nou vle di lè nou ap pale de pwogrè gradyèl. Se menm jan ak pwosesis natirèl yon moun; lè li fèt bebe e se tout yon pwosesis natirèl pou li grandi. Tout bagay yo pa fèt yon sèl kou, li pran tan pou grandi e vin granmoun. Se menm jan tou pwosesis deplase e avanse pou pi lwen. Yon moun pa janm ka komanse ak tout bagay yon sèl kou, li ka komanse avèk sa li bezwen nan moman an, konsa li kapab grandi e ajoute rès bagay li bezwen yo pou l’ kontinye grandi.

26 - Powgrè

3.7 PWOGRÈ SE TI PA TI PA

Page 27: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Temwayaj M’ ap ba w’ yon egzanp de vi mwen. Ou pa ka kapab kòmanse ak tout sa w’ bezwen yon sèl kou. Lè mwen te pi jèn, tout rèv mwen se te pou m’ te gen pi gwo Estidyo nan antiy la. Men pou sa te reyalize, m’ te oblije pase diferan eprèv e pran plizyè etap nan la vi mwen. Te gen anpil lit ak anpechman, men m’ te kontinye lite pou rèv mwen an reyalize. Lè m’ te ouvri estidyo m’ nan, m’ te piti anpil. M’ kòmanse nan chanm mwen avèk yon aparèy ki te gen 4 liny, apre sa m’ te vin genyen 8 liny, apre kèk lane mwen vin gen sa ki gen 16 liny la, e jiskapre m’ vin gen 24 liny epi 32 liny. Menmjan pou estdidyo a; nan kòmansman m’ te gen yon sèl, apre sa m’ ouvri dezyèm nan e se konsa mwen kontinye e m’ vin ouvri twazyèm estidyo a. M’ pa t’ kòmanse ak tout bagay yon sèl kou, men mwen fè pwogrè nan wout la. Menmjan pou legliz la tou, lè Bondye te rele nou, nou pa t’ gen anyen. Nou te kòmanse reyini nan estidyo anrejistreman nou an, apre sa nou ale sou galeri, nou pase de galeri a pou lakou makèt la, de lakou makèt la a yon sal klas, nou te kraze de sal klas pou nou te ka fè yon sal ki pi gran, de gran sal la nou antre anndan makèt la, apre sa yo mete nou deyò nan makèt la e finalman nou vin mèt bilding nan. Temwayaj sa se pou kapab fè w’ konprann ke tout moun gen kapasite pou pwogrese.

27

Page 28: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Men sa ki enpòtan e enteresan pou konnen se, eske tout moun pare pou pwogrese. Egzanp sa yo se de egzanp vivan de pwogrè gradyèl.

Yon moun ki te nan fènwa mond lan e ki pran desizyon pou li konvèti, fè pwogrè. Li soti nan fenwa pou li vin nan limyè, de lanmò a la vi. Moun sa a kite vye bagay pou li fè sa ki bon, malonèt pou onètete, logèy pou imilite, bagay sal pou sa ki pwòp, pòv pou rich, e avanse pou pi lwen. Bondye nan plan li vle pou nou fè pwogrè, li pa vle pou moun rete yon sèl kote. Bondye te kreye nou pou nou pwogrese. Lè nou gen Kris, nou gen plis ke sa nou ta kapab imajine nan nou. Lè mwen menm ak madanm mwen te konvèti, nou te fè pwogrè, nou pase de yon estati a yon lòt. Nou soti nan wayom fènwa a pou wayom limyè a, de lanmò a lavi. Lavi nou te chanje radikalman, nou pwogrese e nou apwoche pi prè Bondye. Lajwa te antre nan lavi nou pou jouk jounen jodi a. Se konsa tout bagay te komanse chanje nan lavi nou, nou te komanse santi lajwa e nou resevwa benediksyon Bondye yo. Se yonn nan rezon ki fè ke m’ap ekzòte ou pou lè ou tande vwa Bondye, swiv li e pwogrese, se konsa ou ap kapab eksperimante yon bagay nèf nan la vi w’. Se sa ki ap fè w’ gen yon lòt rezon pou viv e atenn objektif ou.

28 - Powgrè

3.8 KIJAN OU KAPAB FÈ PWOGRÈ

Page 29: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Gen plizyè fason pou pwogrese, men se yon sèl chemen ki genyen, sèl chemen sa a se Jezi. Jezi te montre disip li yo plizyè mwayen pou yo pwogrese. Yonn nan mwayen yo se sèvi. Lè ou sèvi Bondye jan ou sipoze fè l’, ou pwogrese. Matye 24:45-47 ak Matye 25:14-30, montre plizyè konparezon Jezi te fè lè li t’ap pale de pwogrè. Nan premye konparezon an Jezi di lè ou fidèl nan ti travay, Bondye ap mete w’ reskonsab pi gwo zafè toujou. Lè yon moun sèvi ak tout kè l’, li pran promosyon, swa sou tè a la oubyen nan Wayom syèl la. Tout moun ki sèvi Bondye ak lòt moun, mwen toujou wè yo ale devan nan lavi yo (pwogrè), swa se te yon senp chay ouben yon pi gwo responsabilie, tout moun sa yo mwen wè tout fè pwogrè. Jezi te di si ou vle gran se pou ou sèvi tout moun. Bondye toujou bay sèvitè l’ selon kapasite l’, se konsa l’ap ka defini kalite sèvitè l’ la pou li kapab ba li plis responsabilite. Kalite sa yo se: Fidelite: Prezan ak tout kè ou, paske anpil fwa ou jwenn yon moun ki la nan tout aktivite, men sa pa vle di ke li la ak tout kè li. Lè ou prezan ak tout kè ou sa pèmèt ou resevwa enstriksyon ke yo ba ou, se sa ki fè fidelite se yon bagay ki enpotan. Fidelite se youn nan fwi Sentespri. Tout kretyen ki ranpli ak Sentespri sipoze fidèl.

29

Page 30: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Pridans: Yon moun ki pridan se yon moun ki gen sajès avek krentif pou Bondye. Se yon moun ki prepare l’ pou nenpòt moman. Pridans sove ou de kalamite, se poutèt sa Jezi te chwazi moun ki pridan pou ba yo reskonsab wayòm li an sou tè a. Nan Matye 24:45-47, domestik la ki te fè sa mèt li te mande l’ pou li fè te beni e se sa ki fè mèt la te ba li reskonsab tout byen l’ yo. Poukisa sa pase konsa? Paske mèt la te bay domestik la fè yon travay, atitid domestik la te montre mèt la ka kontinye ba li lòt travay, esklav la te demontre l’ sa paske li te fè tou sa mèt la te di l’ fè byen. Nan Matye 25:14-30, fè nou konnen istwa domestik yo ak mèt yo a ki te ba yo talan an pou te travay ak li a e li te bay yo chak dapre sa li te konnen yo ka fè, genyen li te bay 5 e gen lòt ki te resevwa 2, se konsa yo al fè talan an travay e yo te rapòte benefis. Atitid yo te pèmèt yo fè sa yo te sipoze fè ak talan yo, yo te sensè, onèt e fidèl ak mèt yo. Tout sa yo te vle fè se te fè mèt yo fè plis benefis. Men sa ki te resevwa 1 talan an menm ale, li fouye yon twou nan tè li sere lajan an. Li te gen yon movèz atitid e li te menm rive di mèt la, ke li se yon nonm ki di. Li rekolte kote li pa te simen, li ranmase kote li pa te plante. Nou ka wè ke domestik la te fè sa, li di mèt la “Mwen te pè.”

30 - Powgrè

Page 31: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Pè se youn nan pi gwo enmi ki nan devlopman yon moun, li anpeche ou ogmante benefis ou, li anpeche ou fè sa yo konfye ou la e li anpeche ou atenn objektif ou. Pandan ke sa yo ki te fè sa mèt yo te mande yo pou fè a te ogmante benefis mèt yo, yo te tèlman fè mèt la kontan ke mèt la te di yo: “Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa byen, m’ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou.” Kote ke sa ki desevwa mèt li a, ki fouye twou nan tè li sere talan mèt li a, mèt la te di l’ pawol sa yo: “Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pa simen, mwen ranmase kote mwen pa plante. Enben, se pou te mete lajan m’ labank. Lè m’ ta tounen, mwen ta wete manman lajan ak yon enterè sou li.” Apre sa mèt la wete talan an nan men l’ pran l’ bay sa ki te gen 10 la. Istwa sa montre nou kòman domestik fidèl l’ e pridan sa a pwogrese e yo te mete l’ reskonsab pi gwo zafè, tou senpleman paske li te fè sa yo te mande l’ pou l’ fè a. Se konsa tou nou menm, si nou fè sa Bondye mande nou fè e mennen yon vi ki fè Bondye plezi, nou ap pwogrese e nou ap resevwa plis. Kèlkeswa moun ki vle pwogrese, dwe aplike prensip sèvi ak fidelite ak pridans pou moun ki ba ou fè travay la.

31

Page 32: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Ou pa ka pwogrese san ou pa fè anyen. Ou pa ka fè parès, fòk ou bouje. Gen yon pri pou chak moun ki vle pwogrese peye. Pou ou fè pwogre gen pa ou gen pou fè. Ou bezwen plis enèji, plis pasyans, plis pèseverans, plis asirans e plis anvi pou pwogrese.

Se konsa vi a ye, tant Bondye vle ba ou pi gwo responsabilite, ou bezwen rantre pi fon nan Bondye. Li koute plis, sa vle di pase plis tan ak Bondye, plis sakrifis, bay plis nan tan ou, lajan ou, lanmou ect. Ou dwe pi atentif e pi atansyone. Ou dwe konnen ke ou ap fè fas ak move tan ak opozisyon, men pa bliye ke Bondye avèk ou nan tout moman sa yo. An nou pran egzanp Jozèf, ki te fè yon rèv kote ke li te wè li pi wo ke frè l’ yo e menm pase papa l’. Men avan pou sa te rive, fòk li te ale nan yon pi ki fon, apre sa pou l’ te rive dirijan, ki se dezyèm pozisyon ki pi wo nan Ejip. Gade David, li te wen l’ depi nan jèn pou li te wa, men fòk li te al kache nan gwòt e nan dezè, apre pou li te ka vinn wa. Tout pwogrè gen yon lit, men pa kite lit yo anpeche ou. Pase tout moman lit yo e pa bliye ke Bondye avèk ou e ke tout sa ou fè oubyen mete men se pou l’ beni.

32 - Powgrè

3.9 POU PWOGRESE LI KOUTE

Page 33: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

1. Vizyon - Foto lavni. (fè desen l’, ekri l’, fè foto l’) 2. Plan - Planifye, chèche konsèy. 3. Direksyon - Ou dwe konnen ki direksyon ou vle pran. 4. Enstriksyon - Ou bezwen l’ pou ka travay. 5. Disiplin - Pratik, preparasyon. 6. Konsistans - Se sa ki pou fè lòt moun fè ou konfyans. 7. Efikasite - Kalkile, delege, fè rechèch, avan ou egzekite. 8. Pèseverans - Kenbe fèm menm lè bagay yo pa ale jan ou ta vle a e kontinye pouse pou pi devan. 9. Mache ak moun ki gen ideyoloji ak ou (menm rit). 10. Pwogrese gradyèlman. 11. Manje ak moun ki manje menm manje espirityèl ak ou. 12. Pa konfòme ou ak ‘Status Quo’ (jan bagay yo ye a). 13. Gen yon mantanlite vanyan e kouraje. 14. Gade byen ki moun ou bay dwa pou pale nan la vi ou. 15. Ou dwe konnen ki moun ou ye! Pa kite pèsonn vinn di ou kiyès ou ye. 16. Kisa ou ap fè ak pè? Lanmou pafè kouri dèyè pè. Kouri dèyè pè pa kite li kontwole ou. Sa ki anndan ou la pi fò, ou gen grandè anndan ou. 17. Kisa ki motive ou pou fè sa ou ap fè a? Estimile sa ki motive ou la. 18. Ki kote fòs ou soti? Pawòl Bondye, fanmi ou, Mari ou? Pase tan ak li.

33

3.9.1 KISA W’ BEZWEN POU W’ PWOGRESE:

Page 34: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

CHAPIT 4 Depi ke ou gen yon foto lavni, pou atenn objektif ou vinn yon misyon. Pou atenn objektif ou fòk ou genyen yon plan. Genyen yon plan se yonn, men planifikasyon se yon lòt bagay. Gen moun ki gen anpil bèl plan, men yo pa konn kòman pou yo konkretize yo. Se menm bagay la tou pou yon vizyon: Genyen yon vizyon se yonn, men pou fè l’ vinn yon misyon se yon lòt.

34

Page 35: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Ou ka gen yon bon plan, men si ou pa byen planifye, ou gen tout chans pou echwe. Ou ka chaje lajan, men si ou pa gen yon plan ki byen planifye, tout lajan an ap fini san ke ou pa reyalize rèv ou a. Ou gendwa reve konstrui yon kay, ou ka gen plan kay la pou ka jwenn kòb prete, men si ou pa byen planifye epi pran kòb ou jwenn prete pou kay ou reve konstwi a, achte machin ak li, konsekans la se ke ou pap reyalize anyen. Menm pou ou fè manje ou dwe gen yon bon plan. Poukisa? Pou kapab efikas. Efikasite ap pèmèt ou ekonomize, tan, enèji ak lajan. Si ou byen palinye, ou ap fini pi vit e ou ap depanse mwens lajan. W’ap ekonomize tan, enèji ak lajan ke ou ap kapab depanse nan lòt bagay. Depi nou pale de pwogrè, nou vle pale de konkeri, rive jwenn e reyisi. Lè ou pral monte yon mòn se pou ka konkeri yon bagay; menm bagay la konte pou reyisi nan nenpòt aspè nan la vi ou. Kounye a pou nou reyisi nan bagay sa a, planifikasyon vrèman enpòtan, e fason ou ap bay sèvis oubyen travay tou konte.

35

Page 36: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Pa egzanp, lè yon kliyan mande yon pent pou vin pentire kay li pou li, pent lan dwe ale pou li ekzamine travay la pou li ka konnen egzakteman kisa pou li fè, konsa li ap kapab konnen ki materyèl ak zouti li ap bezwen. Wotè edifis la ap determine si se pou li ale ak nechèl oubyen chafodaj pou rive nan wote edifis la. Pent lan pa pral itilize yon nechèl pou li pentire atè ak li. Yon nechel fèt pou itilize l’ pou sa l’ dwe fë a, ki se monte sou li pou ka rive pi wo, li la pou li ede ou rive nan yon wotè kote ou menm pa ka rive. Pou nou rezime, nou ka di ke vizyon ak planifikasyon enpòtan anpil pou atenn objektif ou. Li toujou bon pou egzamine avan ou kòmanse avèk travay la, e apre sa planifye travay la konplètman.

36

Page 37: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Chapit 5

Mantalite chak sèvitè Bondye Nan mouvman ‘avanse pou pi lwen’ nou dwe analize la vi ak fason panse moun Bondye rele e gade kijan zèv yo nan lafwa ede yo pwogrese. Mantalite se fason nou panse. Fason yon moun panse ka fè an byen ou an mal. Se sa ki pral montre si se bravte oubyen se la pè ou kite kontwole kè ou. Si se moun ki gen kouraj e ki brav ou bay dwa pale nan zafè ou, se kouraj ak bravte ki ap tabli nan lavi ou. Men si se moun ki gen move panse, kapon oswa moun ki pè ou kite pale nan zafè ou, se sa ou ap nouri nan lespri ou. Se youn nan rezon ki fè ou bezwen fòs pou rive yon bagay, pale ak moun ki gen kouraj e ki brav. Moun sa yo ap ankouraje ou e ba ou fos pou ka konkretize rèv ou. Bib la ba nou plizyè ekzanp youn nan jèn ki te gen plis kouraj e brav. Nou jwenn istwa sa a nan 1 Samyèl ki komanse depi nan chapit 16 la.

37

Page 38: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

David, pou yon jenonm ki te gen sèlman 16 zan li te gen anpil kouraj, li te gen mantalite yon venkè (moun ki toujou gen batay), konkeran, brav e kouraje. Lè lyon an ak lous te vin atake mouton papa li yo, li te kouri dèyè yo e li te touye yo. Se de bèt fewòs (mechan) n’ap pale la wi ki te gen anpil fòs, men jennonm sa pa t’ pè yo, paske li te gen lespri Bondye ak li. Ann nou al gade kèk bagay nan lavi plizyè sevitè bondye ki pwogrese.

Gen yon bèl ekzanp nan bib la sou yon sèvitè Bondye, yo te rele Neyemi, ke nou ka pran kòm egzanp. Lè Neyemi te tande yo te kraze miray ranpa Jerizalèm la, li te ale pou li te ede rebati miray ranpa a. Se yon moun ki te desann sou yon nechèl pou li te kapab monte yon lòt. Ak konsantman wa, li te kite palè a pou li te kapab al ede nasyon li (Neyemi 2:11-20). Premye sa Neyemi te fè, li te ale egzaminen travay li te gen pou l’ te fè a. Nenpòt sa ou gen pou fè, ou dwe egzaminen l’ avan ou fè l’. Jan nou te wè l’ nan chapit avan yo, planifikasyon enpòtan anpil pou ka fè sa ou bezwen an. Ou dwe konnen kisa ou pral fè a e genyen yon limit pou reyalize l’.

38 - Sèvitè Bondye ki te fè pwogrè

5.1 NEYEMI TE FÈ PWOGRÈ

Page 39: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Men lè Neyemi te al ede pèp li a pwogrese, li te fè fas ak opozisyon. Li te gen pou l’ fè fas ak Sanbala, Tobija ak Gechèm: twa opozan sa yo, se destriktè yo te ye. Yo reprezante espri opozisyon, fawouch, mepri, akizasyon, entimidasyon, kalomni ak ipokrit. Plizyè fwa twa opozan sa yo te vini pou yo te anpeche Neyemi rebati miray la. Men Neyemi pa te kite anyen anpeche l’, paske li te konnen gen mantalite yon moun ki konn pesevere; li pa te kite rime (sa moun ap di) fè l’ kouri. Chak fwa ke yo atake l’, li al kote Bondye, li te konnen se travay Bondye ke l’ap fè e li te konnen ke men Bondye te sou li. Depi ou pran desizyon pou pwogrese, espri sa yo toujou la pou yo anpeche ou atenn objektif ou, men ou dwe di yo menm jan Neyemi te di: “Se Bondye nan syèl la k’ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral komanse rebati l’. Men nou menm, moun lot nasyon, nou pa gen okenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan. Pèsonn pa janm nonmen non noun an koze lavil Jerizalèm.” (Neyemi 2:20)

Jozèf se te yon jenn 17 lane ke pwòp frè li yo te jete l’ nan yon pi, paske yo te jalou. Jozèf te oblije afwonte anpil moman difisil, men li te gen atitd yon sèvitè.

39

5.2 JOZÈF TE PWOGRESE

Page 40: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Li te konn sèvi papa l’ avèk kontantman e se sa ki fè papa l’ te fè li kontwole frè l’ yo. Lè frè li yo te jetel’ nan pi a, yo pa t’ imajine ke Jozèf te ka vinn gouvène yo.

Jozèf soti nan pi a pou li ale kay Potifa. Li te vinn esklav Potifa, men Potifa te wè plis ke yon esklav nan li, li te wè nan li yon sèvitè. “Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la. Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen. Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen. Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'. Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe.” (Jenèz 39:1-6) Nan istwa sa a ou ka wè jenn sa a se te yon moun kite konn goumen e yon moun ki konn pote viktwa. Li te menm rive ale nan prizon pou sa li pa te fè.

40 - Sèvitè Bondye ki te fè pwogrè

De pi a a lakay Potifa

Page 41: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Gen twa eksperyans ke Jozèf te fè: li soti kay Potifa li ale nan prizon e li soti nan prizon li ale nan pale. Li te pwogrese, li te pase de esklav a chef kanbiz, li te pase de chef kanbiz a responsab, de responsab a gouvènè e li te dezyèm moun ki te gen plis pouvwa nan Ejip. Sa montre klèman ke kèlkeswa kote Jozèf ye li te konnen ke Bondye avè l’, lakay Potifa, nan prizon oubyen nan palè, li te yon sèvitè. Lè gras Bondye avè ou, kèlkeswa kote ou ye ou ap pwogrese e menm si lòt moun ta peze ou. Ou ap briye e tout moun ap konnen ke Bondye ap mache avèk ou menm jan ak Jozèf.

Si ou konpare Jedeyon ak Jozèf, li menm tou li te tankou nan yon pi. Jedeyon te nan yon pi emosyonèl. Nan pi fizik la ou kapab rele, ap gen yon

moun kanmenm k’ap tande ou e ede ou. Pi emosyonèl Jedeyon an se te komplèks, dout, pè ak doulè, e se konsa l’ te panse. Fason panse Jedeyon pa t’ menm jan ak David ni Jozèf. Pliske eta despri Jedeyon se te yonn ki te gen komplèks, dout, pè ak doulè, li te mete nan tèt li, li pa t’ap kapab defèt lenmi li yo, men ak tout sa Letènèl te rele l’ Vayan Gerye.

41

5.3 JEDEYON TE PWOGRESE

Page 42: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Bondye pa t’ okipe Jedeyon lè li t’ap plenyen, li te lonje men li retire Jedeyon nan pi emosyonèl la. Nan pi emosyonèl la, li pi difisil pou yon moun ede ou, paske ou pa ka rele pou moun ede ou, men se jan ou ye. Anpil fwa moun pa konprann sa rapid, se lè ou pale klè lot moun ka rive konprann reyaksyon ou e ede ou. Aprè Zanj Senyè a te fin pale ak Jedeyon ke li te soti nan l’ pè pou l’ te vin yon vayan gerye, eta despri l’ te chanje menm kote a. Jedeyon te kite plenyen pou yon moun k’ap fè aksyon. Jedeyon te kite konplèks pou l’ te vinn yon moun konplè, li te vin kwè nan tèt li. Lè Bondye rele a ou, kèlkeswa sitiyasyon ou te ladan l’ oubyen nan ki pi ou te ye, li kapab retire ou ladan yo ak men pwisan li, paske li se Bondye. Li te pote viktwa sou lennmi l’ yo avèk yon ti gwoup sòlda, paske Senyè a te ak li.

Gade David, David se te dènye pitit pap l’. Anpil fwa m’ toujou ap poze tèt mwen kesyon, poukisa papa l’ te voye l’ al fè travay riske sa a, veye mouton, ak tout li te konnen te gen Lyon ak Lous kote sa a. M’ rete kwè se paske papa David te konnen l’ kapab konbat bèt fewos sa yo e tou paske David te mete nan tèt li ke li se yon venkè, konkeran, vanyan e yon moun ki ka konbat.

42 - Sèvitè Bondye ki te fè pwogrè

5.4 DAVID TE PWOGRESE

Page 43: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

M’ garanti ou si se te pi gran frè David yo ki te gen pou yo kontrekare ak lyon e lous, yo t’ap kouri kite mouton yo. Diferans ki genyen ant David ak Jedeyon se; avan Jedeyon te rankontre Bondye, fason panse l’ se te defèt, la pè ak konplèks, e David li menm se te yonn ki te kwè nan tèt li. Lè nou li istwa sa yo, m’ panse bagay sa yo konte pou nou tou. Jodi a mwen vle pou ou konnen kèlkeswa sa ou panse de tèt ou, si ou rankontre ak Bondye menm jan ak David e Jedeyon, Bondye kapab libere ou e ba ou viktwa, li ka fè w’ yon fanm oubyen yon gason vanyan ak kouraj. David sòti de yon gado mouton pou sèvitè wa a, de sèvitè wa a pou l’ pote zam wa a, li soti de moun ki ap pote zam wa a pou li yo te vinn yon òm de gè e aprè sa li vin kòmandan di mil òm pou l’ vinn rive wa. Se Bondye sèlman ki kapab akonpli gwo bagay sa yo.

43

Page 44: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Lè Jezi te chwazi disip yo li te di yo: “Swiv mwen, m’ap fè nou vin pechè moun”, menm kote a disip yo te swiv li. Anpil ladan yo pa te gen edikasyon, men Jezi te fòme yo e yo te pwogrese. Disisp yo te pran yon lòt nivo. Lè farizyen yo te mande yo ki moun yo te ye depi sou jan yo te pale, farizyen te konnen yo te konn mache ak Jezi. Pa egzanp, Pyè se te yon pechè pwason ki te vinn yon disip Jezi pou aprè sa vinn yon misyonè. Disip yo te grandi nan lafwa e yo te fè pwogrè. Yo te mete mond la tèt anba e tout mond lan te arive konnen ke Jezi se Senyè a. Bondye vle itilize nou menm jan ak disip yo, li vle pou nou evanjelize e mete mond la tèt anba.

44

5.5 DISIP YO TE PWOGRESE

Page 45: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Chapit 6

Gen anpil moun ki fèb nan lafwa, konsa tou gen anpil moun relasyon yo ak Bondye fèb nan vi de priyè yo e nan konfyans yo nan Bondye. Nou toujou ap di nou gen lafwa, poutan nou pa kwè nan li.

Nan chapit avan yo nou te di ke pwogrè se pase de yon nivo a yon lòt e li vle di grandi. Youn nan bagay Bondye te montre nou pou nou ka avanse, sè ke nou dwe met tout chay yo atè, paske pakèt sa yo ap anpeche ou pwogrese e pa gen moun ki ka fè pwogrè ak yo. Pou nou konprann sa pi byen se Bondye ki pou di nou ki chay pou mete atè. Younn nan bagay Bondye mete aksan sou li se pou nou kite peche nou yo. Bib la fè nou konnen ke peche se yon bagay ki fè n’ vinn esklav li fasil e tout sa peche vle fè se pou esklav li.

45

6.1 PWOGRESE

Page 46: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Lè ou fè anpil tan nan yon bagay ou vin abitye avè l’, lè l’ pa la ou konn santi ou manke yon bagay, se rezon sa ki fè l’ fasil pou retounen ladan l’. Poukisa yon moun ret viv nan peche oubyen retounen ladan l’? Kisa ki fè yon moun pa ka kite peche? Ou ka fè plizye chanjman deyò e sa ka ede ou pou pa tounen nan peche. Anpil fwa depann kisa ou ap fè efo pou kite a, nou konn fè anpil efò pou nou kite l’, ou ka fè tout sa pou ou fè pou ede ou kite oubyen abandone yon peche ou yon vis. Pa egzanp ou ka kraze telefon ou, retire entènèt, pase nan yon lòt wout, bay mari w’ oubyen madanm ou ‘modpas’, chanje sim kat, dezaktive whatsapp, bay ladim via la bank pou pa manyen l’, remèt apatman, pa pale, vann televizyon, kraze odinatè, chanje travay, ou rete lakay ou, mache chiklèt, vann machin ect. Tout sa yo ap ede ou fè kèk pa, yo se yon pouch (push) yo ede koupe tout pon ak yon bagay, men yo pa chanje ou! Yo pa ede ou kite peche oubyen yon vis, paske ou ka toujou rele yon moun nan kè ou. Gen sanksyon mari w’ oubyen madanm, paran ou, pastè ou, mèt travay ou ka pran pou ka regen konfyans anko ect. Men an reyalite tout bagay sa yo pa ka chanje ou. Yon mezi oubyen yon chanjman pa ka fè ou kite yon peche oubyen yon vis, se yon desizyon fèm e serye ki ka fè ou kite pou toujou, chanje pa tounen nan peche, desizyon sa a se sèl ou menm ki ka pran l’.

46 - Lapenn oubyen Regrè?

Page 47: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

An nou ale pi lwen ke anvi chanje, an nou pran yon desizyon pou Kris. Anpil fwa tout dezisyon ou pran yo bon, men si ou vle chanje ou ap wè yo pa solisyon an si w’ vle chanje tout bon. 2 Korintyen 7:8-11 “Menm si lèt mwen te ekri nou an te fè nou lapenn, mwen pa règrèt sa. Mwen te regrèt mwen te ekri l' lè m' te wè jan l' te fè nou lapenn lè sa a. Men koulye a, kè m' kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal. Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout mounfè l' la, se touye l'ap touye nou. Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fè pou nou! Gade kijan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pè! Gade jan nou anvi wè m' ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun kite fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.” Tèks sa a fè ou fè diferans ant poukisa moun tonbe nan peche oubyen non.

47

Page 48: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Temwayaj Lè m’ te finn konvèti, m’ te gen lapenn pou peche m’ te fè (m’ te bay manti, m’ te nan fònikasyon ect.). Lè m’ sonje peche m’ yo, m’ te gen lapenn, poutèt konsekans yo te gen nan lavi m’ ak lavi lòt moun. M’ te mande Bondye padon, paske m’ pa t’ vle viv san prezans Bondye. Lè m’ te kòmanse konprann pawòl Bondye, m’ te vinn konprann ke m’ pa t’ repanti tout bon de vi pase m’, paske chak fwa m’ te konn sonje kèk bagay mwen ak madanm mwen te konn fè k’ pa t’ bon, m’ te konn ri, M’ t’ konn di: apa nou ansanm toujou. Se nan moman sa m’ te vinn konprann ke se pa kont moun sèlman mwen te peche, men kont Bondye tou. M’ te vinn wè se pa bagay mal m’ te fè yo ak konsekans yo sèlman ki dwe fè m’ mal, men se peche kont Bondye a ki dwe pi fè m’ mal. Mwen te fè bondye lapenn, paske m’ te peche kont li. Sa se lapenn jan Bondye vle a: ‘Godly Sorrow’ (Lapenn jan Bondye vle l’), e se ‘Godly sorrow’ sa ki te chanje lavi m’. Lapenn mwen te genyen avan an se pa t’ regrè, men se lapenn jan Bondye vle a te fè m’ gen regrè. Avan m’ pa t’ panse fè frekan se te yon bagay mal, m’ te konn ap pale de goumen tankou yon meday, paske m’ pa t’ goumen ankò, sa pa t’ fè m’ lapenn paske m’ te konn fè l’, pou tout bagay sa yo m’ te oblije repanti, paske yo pa t’ bon nan je Bondye.

48 - Lapenn oubyen Regrè?

Page 49: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

M’ rete kwè si m’ te jwenn yon chans pou m’ te goumen m’ t’ap fè l’ san pwoblèm. Sa se lapenn jan mond lan vle l’ ki ap mennen nan chemen lanmò, men sa pa jan Bondye vle l’. Se la anpil moun bloke e anpeche yo avanse pou pi lwen. Kounye a gen kèk kesyon pou nou poze tèt nou pou n’ ka kite peche, pou nou ka avanse pou pi lwen: Kòman m’ap fè rive la? Kijan m’ap fè pou m’ kite peche tout bon? Kijan m’ ka fè pou m’ pa tounen nan peche?

Kisa ki fè m’ lapenn? Se paske m’ te fè lòt moun mal? Paske m’ pa fè sa m’ te konn fè yo ankò? Se konsekans yo ki banm pwoblèm? Se ministè a? Se paske m’ pèdi travay la? Oubyen se paske m’ pèdi mari a ou madanm nan, oubyen fanmi an? Se imaj mwen? Se lapenn oubyen se wonte? Sa ban m’ pwoblèm poutèt Bondye oubyen moun? Anpil fwa bagay sa yo mare e anpeche nou gen libète. Se konsekans sou tè a sèlman tout moun pè. Poukisa gen moun ki toujou tounen nan menm peche yo?

49

6.2 JAN MOND LAN WÈ LAPENN

Page 50: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Poukisa ou toujou di kounye a m’ ap resi kite peche e ou tounen fè menm bagay yo?

Lapenn jan Bondye vle l’ la a se paske nou fè Sentespri lapenn. Lapenn sa a se lè ou rann ou kont ke ou fè Bondye lapenn paske ou peche. Konviksyon sa a fè m’ gen tristès ke Bondye vle a. Se yon bon regrè pou bon rezon an, se repentans sa a ki ap sove ou. Menm si yon moun te chaje bonte, lè li vinn konn Kris, l’ap gen lapenn paske li pa t’ konn Bondye e lè sa a moun sa ap sispann fè grandizè de vi pase l’. Moun sa ap gen lapenn paske l’ te viv san Bondye e san Kris, paske se Kris ki sove moun. Konvèti vle di ke ou bay Kris la vi ou, se Kris k’ap fè m’ pran desizyon pou mwen pa peche ankò. Lapenn jan Bondye vle l’ la fè m’: 1. Vin serye. 2. Netwaye nou: Yo te netwaye tèt yo, yo te defann tèt yo, se pa ak jistifikasyon, men paske yo te onèt. An angle yo di ‘Clearing of yourself’, sa te fè Pòl kontan anpil. 3. Gen endiyasyon: Rayi peche, fache lè ou peche. 4. Gen Krentif: Respekte Bondye. 5. Dezi: Anvi gen yon relasyon ak Bondye. 6. Zèl: Yon dezi ak anpil lanmou pou Bondye, pou viv pou li e pou sèvi l’.

50 - Lapenn oubyen Regrè?

6.3 LAPENN JAN BONDYE VLE L’ LA

Page 51: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Anpil Kretyen manke pasyon ak zèl pou Bondye, yo sove, yo jwenn padon epi fini e se padon sa a ke ou resevwa ki dwe fè ou gen zèl. 7. Disipline tèt ou pou pa fè sa ki mal. Lè m’ pran konsyans de peche m’, m’ pap sèlman kite l’, m’ ap fè yon pi gwo pa, ki se pou m’ korije tou sa ki pa t’ bon, m’ap peye sa m’ te vòlè e m’ap mande padon. M’ap gen pou m’ disipline tèt mwen pou m’ rete lwen tout sa ki mal, tou sa se paske m’ fikse je m’ sou Bondye; m’ te vle gen disiplin ak tèt mwen. Yo pa aprann moun pou konvèti, se yon travay ki fèt pou kont li.

Diferans ant lapenn jan Bondye vle l’ ak jan mond lan vle l’ sè ke yonn ap ba ou lavi e lòt la ap mennen ou nan chemen lanmò. Lapenn jan mond lan vle l’ pa fè ou regrèt. Regrè se lè sa fè ou mal paske ou peche kont Bondye. Lapenn se yon pati nan regrè, men lapenn pa regrè, li kapab fè ou rive repanti. Lapenn jan mond la vle l’ pa fè ou regrèt, sa jis fè ou mal epi fini. Diferans ant de sa yo se sou kisa ou mete aksan.

Ki konsekans li gen pou mwen? Bagay sa fè m’ mal anpil. Li jistifye m’.

51

6.4 LAPENN JAN BONDYE VLE L’; LAPENN MOND LAN

6.5 LAPENN JAN MOND LA VLE L’ METE AKSAN SOU ‘MWEN’:

Page 52: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Ou ap defann tèt ou, poukisa m’ te fè l’. M’ gen yon gwo pinisyon. Kisa m’ap pèdi. Wonte m’ pran oubyen m’ pral pran. Travay mwen, repitasyon m’, ministè m’ ect. Jeneralman se sou sa moun nan mete aksan, se yon bagay ki natirèl, men se jan mond la vle l’.

Lapenn jan Bondye vle l’ la konsantre sou Bondye; kèlkeswa sa konsekans la ka ye, pinsyon ou kèlkeswa fòm konsekans la, pa gen anyen ki rete ou. Lè ou gen lapenn sa a li chanje kè ou, li fè ou reyalize ke ou peche kont Bondye ki pi gwo Bondye a, ki sen an, ou remèt tout ou menm nan men l’ e di l’: “Fè sa ou vle ak mwen.’’ Lè nou vle koupe tout pon ak peche e regrèt, pwosesis la enpòtan anpil. Lapenn san regrè li pwodui lanmò, paske lè sa a konsekans lan ki fè ou mal ect, sa vle di ke ou toujou gen anvi fè peche e ke ou pa gen lapenn paske ou peche kont Bondye. Bib la fè nou konnen nan Women 6:23, Peche peye nou kach: li ba nou lanmò. Gen moun ki sispann peche paske pa gen mwayen pou yo kontinye nan peche a, men sa pa janm di yo anyen paske yo peche kont Bondye.

52 - Lapenn oubyen Regrè?

6.6 LAPENN JAN BONDYE VLE L’ LI KONSANTRE SOU BONDYE

Page 53: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Lè lapenn ou se ‘Godly sorrow’ ou pa bezwen anyen ki pou entèdi ou fè peche, ou menm menm ap kouri pou peche menm jan bib la di sa, se regrè k’ap fè ou pa tounen peche. Se sèlman regrè ki ka fè ou jwenn padon, yon moun ki regrèt peche l’ se fwi l’ k’ap fè ou konn sa, paske regrè bay fwi. Jan Batis te di farizyen yo nan bòn nouvèl Matye 3:8: “Fè bagay ki pou fè wè nou chanje tout bon.” Lè nou regrèt tout bon li chanje fason nou panse e kompòtman nou, li pote chanjman nan tout aspè nan lavi nou. Bondye pa bezwen chanjman nan aparans nou, men li bezwen pou kè nou chanje. Ezekyèl 18:30-32 “Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri. Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa? Mwen pa ta renmen wè pesonn mouri. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.” Tèks sa yo anlè a ap ede nou sonje ke Jezi te mouri de yon lanmò li pa t’ merite pou padon peche nou.

53

Page 54: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Peche se pa yon bagay lejè, san pwa, depi nou peche se pou nou kouri reprann nou, nou dwe gen lapenn paske nou peche kont Bondye e ke nou fè Sentespri lapenn. Se yon gwo pri Jezi te peye pou peche nou. Si ou gen Jezi nan kè ou tout bon, lè ou peche kont li ou ap gen lapenn jan Bondye vle l’, men pa jan moun ki pa renmen Bondye yo vle l’. Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an (1 Pyè 5:6). Ann gen lapenn jan Bondye vle l’ e se konsa Bondye ap fè nou avanse pou pi lwen.

54

Page 55: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Chapit 7

Zòn konfòtab (twò alèz) se yon anpechman pou nou pwogrese. Istwa Terak a nan Jenèz 11:27-32 Zòn konfòtab se yon bagay ki nan lespri ou, se yon bagay ki fè ou pa anvi leve ankenn defi. Terak, papa Abraram te gen pou l’ kite Our na peyi Kalde pou l’ ale nan peyi Kanaan, men lè l’ rive lavil Karan, li te rete la e bib la fè n’ konnen ke Terak mouri la, li mouri san li pa akompli plan la vi l’.

55

Page 56: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Sa se yon avètisman pou chak nan nou ke Bondye rele pou nou pase de yon kote a yon lòt. Pa janm santi ou twò byen, paske se sa ki ap yon anpechman pou fè sa ou dwe fè a. Tout moun dwe pran yon repo e analize, men pa janm rete nan repo sa. Gen moun ki konn chita pou pran yon poz e apre sa yo pa janm leve sou chèz repo sa a, gen lòt ki pase pakèt tan ap analize jiskaske yo pa konn kisa pou yo analize ankò. Pa fè menm jan ak Terak; pa janm rete si se pa kote ou gen kòm destinasyon an, men kontinye pèsevere pou fè sa ou dwe fè a.

Yon obstak se yon anpechman ki sou wout pwogrè a. Nan moman ou di ke ou vle kontinye fè pwogrè, ou ap jwenn kontraryete, swa ou ap dekouvri gen yon bagay ou pa ka kite oubyen yon bagay ap kanpe sou wout ou. Plizyè bagay ka lakòz: li kapab emosyonèl (nanm), fizik(kò) oubyen esprirityèl (lespri), men ou pa dwe kite anyen dekouraje w’, pouse e pèsevere pou sa ou vle fè a. Nan pawòl Bondye gen anpil egzanp e plizyè bagay ki rive sèvi ak yo kòm egzanp. Pa bliye ke satan pa ta renmen wè ou rive kote Bondye vle ou rive a, toujou sonje ke bondye pa t’ kreye moun pou rete yon sèl kote, se sa ki fè yon bebe grandi si ou ba li bon manje.

56 - Nwizans (Anpechman) ki fè ou pa ka progrese

7.1 OBSTAK (BAGAY) KI KA ANPECHE OU PWOGRESE

Page 57: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Yonn nan bagay ki ka anpeche ou se ou menm menm, swa se kote ou fèt e grandi oubyen yon bagay ki te pase w’ nan vi ou. Pa egzanp, si ou fèt nan yon kay kote fanmi ou panse ba de tèt yo, ou menm tou ou ap panse konsa, konsa tou si ou grandi nan yon fanmi ki panse gran de tèt yo, sa pa anpeche ke sikonstans yo fè ou vinn yon moun ki pa kwè nan tèt li. Gen espri dyabolik ki ka vini pou vòlè plan lavi ou, pou touye vizyon ou e detwi la vi ou. Pòl te di nan Filipyen 3:13-14: “Se vre wi, frè m' yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m' sou kote m' dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m' fè, se pou m' bliye tou sa ki dèyè m' pou m' fè jefò pou m' mete men m' sou sa ki devan m' lan. Konsa, m'ap kouri dwat devan m' sou mak kote m' prale a, pou m' ka jwenn rekonpans Bondye rele m' vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.” Se egzakteman sa Bondye vle nou fè tou, ou pap pwogrese si ou rete mare nan pase ou, bagay sa yo p’ap ede ou ak anyen. Rejè, lapenn, rankinn, fache e pa padone ak ansyen abitid yo pap ede ou pwogrese, nou dwe kite bagay sa yo, kontinye fè efò pou nou pwogrese e rive nan kote nou dwe rive a, se pou sa tout pwen sa yo se pou chak moun evalye tèt yo e gade si gen yon bagay ki anpeche yo pran wout pou pwogrese.

57

7.2 BAGAY PÈSONÈL KI SE YON ANPECHMAN

Page 58: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

1. Pè monte anlè (Vètij) - Pè pwogrese (Pè avanse) - Pa kwè - Pa ka kontwole 2. ‘Relaks’ Alèz - Pa wè pou ki rezon ou oblije pwogrese,m’ bon jan m’ ye a - Konfòtab (twò byen) - Yon vi plezi - Lè m’ gen chans 3. Pa ka deside - Dout - Pa fè konfyans - Pa kwè nan tèt - M’ pa konn sa m’ vle 4. Peche (tout sa ki kont pawòl Bondye) - Imoralite (fè sa k’ pa sa) - Vòlè - Tripotay - Pale moun mal - Lanvi - Jalouzi - Manti

58 - Nwizans (Anpechman) ki fè ou pa ka progrese

7.3 SA YO SE LÒT ANPECHMAN KI KONN GENYEN LÈ OU VLE PWOGESE

Page 59: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

- Touye moun - Fònikasyon - Adiltè - Omoseksyèl (fi ki renmen ak fi, gason ak gason) - Adore lòt Bondye - Blasfèm (pale mal de Bondye) - Pase moun nan betiz - Fawouchè 5. Mare e anchennen - Di anpil bagay, men pa janm fè anyen - Mare (atache ak pase w’) - Tout bagay kòmanse, men yo kanpe - Di kounye a m’ pral kòmanse, men kite l’ pou l’ yon lòt lè 6. Pè sa ou pa konnen - Pa vle eksplore (al chèche konnen) - Pa kreyativ (gen lide pou kreye) - Atache ak sa ou leve jwenn 7. Joug - Twòp chay - Chay enmi an - Bay tèt pwoblèm pou bagay mond lan - Maladi 8. Lespri Farawon - Zidòl

59

Page 60: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

- Esklavaj - Espri ki la pou kontwole - Enpoze - Anpeche ou apwoche pi prè Bondye - Anba men anpi (dyab la) - Kè di - Maltrete - Anmè 9. Lespri Filisten - Entimidasyon - Lanvi - Chak fwa ou fouye pi ou, li bouche - Lespri sediksyon 10. Lespri Babilòn - Destriksyon - Lògèy - Prostitisyon - Adore fo Dye (zidòl) 11. Lespri Izmayelit - Sovaj - Jwe sou feblès moun 12. Lespri Farizyen - Relijye - Kanpe pou anpeche lòt moun tande pawòl Bondye - Espri anpechman

60 - Nwizans (Anpechman) ki fè ou pa ka progrese

Page 61: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

7.4 ESPRI ABSALON

- Legalis (respekte doktrin) - Tradisyon ak Abitid 13. Lespri Jezabèl - Manipilasyon - Kontwòl - Entimidasyon - Mantè - Ogeye - Sediksyon - Imoral

(2 Samyèl 13 :23-18 :1-23) Nan wout nou kòm kretyen nou rankontre anpil anpechman, men youn nan sa ki pi danjere ke nou rankontre se, espri Absalon an. Ki moun ki Absalon? Absalon se te pitit David ki te trayi papa l’ e te menm eseye pran twòn papa l’. Espri Absalon an se yon espri pou n’ fè anpil atansyon ak li pou l’ pa antre nan vi nou, ni pou nou pa kite yon moun ki gen espri sa kontwole nou. Ann al analize istwa Absalon an. Absalon te gen yon sè ki te bèl anpil, twouve ke gen yonn nan frè l’ yo, Amnon ki te vyole sèl l’ la.

61

Page 62: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Men paske papa l’, David pa t’ fè anyen ak sa ki te rive sèl l’ la, Absalon te fache anpil ke l’ te vanje l’, li te fè plan, l’ te touye frè l’ la Amnon e l’ te trayi papa l’ David, li te fè konplo pou l’ te pran twòn papa l’ la. Sa se yonn nan rezon ki fè nou dwe pran anpil prekosyon pou nou pa blese (ofanse) lòt moun ni kite moun blese(ofanse) nou Espri sa a la pou l’ atake lidèchip yon legliz, yon biznis, lakay ou ect. Li travay nan moun ki pwòch ou, li menmjan ak lespri Jida Iskaryòt ak Jowab, chèf lame David la. Anpil fwa lè yon moun santi l’ ofanse, li manipile e l’ vle chèche mòd pou l’ fè mal. Fò nou fè anpil atansyon ak manipilasyon. Espri Apsalon an fè ou gen yon gwo dezi pou dirije nan pòs ki pa koresponn ak ou (ou pa ka fè), lè ou gen espri Absalon an, li fè ou kontwole lòt moun ak bèl pawòl, espri Absalon toujou vle pou moun konnen l’ e ini ak li. Pou moun konnen ou pa yon move bagay, lè ou ap kouri dèyè fè moun konnen ou, li se yon danje. Absalon te vle jwe nan tèt moun yo. Mou ki gen espri Absalon an toujou pran pòz li te fè revelasyon; li pran pòz li gen relasyon ak Bondye. Espri sa a ou ka dekouvri l’, paske li kont otorite (pa respekte), moun ke espri sa domine renmen di: “Si se te mwen menm m’ pa t’ap di l’ konsa oubyen fè l’ konsa.” Si ou pa ka mache nan imilite, atansyon!

62 - Nwizans (Anpechman) ki fè ou pa ka progrese

Page 63: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Sa kapab yon pòt pou espri Absalon antre nan vi w’. Espri Absalon an cheche nenpòt ti bagay senp pou l’ antre nan kè ou, li toujou pran pòz li konnen pase moun ki chèf la, li fè l’ yon fason mèt dam. Li pa chèche glwa Bondye, se yon espri ki fè konpetisyon ak lòt, menm jan li te fè ak papa l’, Absalon toujou gen yon bagay pou l’ di lè otorite di yon bagay. Espri Absalon an atake w’ nan lespri w’. Lè konfizyon antre w’ap aji san panse. Fason l’ travay se ke li bouye ou e fè moun li rive kontwole yo fache. Espri Absalon an bay inosan, jenn ak moun ki fèb yo manti, li atake moun ki pa estab. Espri Absalon pale byen anpil, bib la fè konnen ke li atiran, se pa fizikman sèlman, bouch li dous. Pa egzanp li mete konfizyon lè pastè oubyen lidè ap preche, li toujou pran pòz revelasyon l’ pi bon ke pa pastè a oubyen lidè a, li toujou vle montre li pi konnen. Li chita nan pòt lavil l’ la e l’ap rele moun pou vin kote l’ e jwe nan tèt yo ak bèl pawòl. Espri Absalon an vle kontwole, li vle pi gwo pòs la. Men yon lòt espri ki mache ak espri Absalon se sèks ke Bondye pa dakò. Ou ka imajine ou ke Absalon te vyole konkibinn papa l’ yo piblikman, ala wonte! Bondye rayi sèks enpi sa a, nan dènye tan sa yo la menm anndan legliz espri sa ap manifeste.

63

Page 64: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

7.5 ESPRI MADYAN

Nou ankouraje tout moun ki ap mennen jan de vi sal sa a pou yo konvèti, paske ‘san sentete pa gen moun ki ap wè Senyè a’. E finalman, ou toujou ka wè nan yon legliz, yon biznis, yon fanmi ect. Lè gen divizyon, moun ki gen espri Absalon an toujou konvenk lòt moun pou swiv li e pou fè linyon ak li. Nan Timote 1 :18, nou li kote ke Pòl te lage moun ki gen espri sa yo nan men satan, paske yo pa t’ vle chanje. Gen moun pou nou retire nan vi nou e mete deyò nan legliz, paske yo pa vle chanje. Si moun sa yo pa chanje, y’ap chanje w’. Gen moun ki renmen peche, ou ka wè ke moun sa yo pa gen okenn regrè nan kè yo, yo fè pwòp jistifikasyon tèt yo e tout sa yo vle fè se fè plis moun pèdi. Espri Absalon an pap jwe ak ou, se detwi l’ap detwi w’ si w’ kite l’ kontwole la vi ou. Fen Absalon te tris anpil, li mouri yon mò trajik, se sa ki fè libere w’ de movè zespri sa e pinga ou ini ak moun espri sa kontwole.

(Jij 6 :1-6) Espri Madyan se laperèz ak dekourajman; li detwi tout bagay, li bay povrete ak la mizè. Li travay yon fason pou tout sa ke ou seme detwi.

64 - Nwizans (Anpechman) ki fè ou pa ka progrese

Page 65: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Espri Madyan abite tout kote y’ap adore Fo dye (zidòl), li fè moun pè, menm pou yo envesti nan pwòp peyi yo. Li moute tant li kote pou ou wè l’, se konsa l’ te moute sou tè moun pèp Izrayèl la. Li fè etranje pwospere, men moun peyi a pa kapab, paske moun peyi a pè envesti nan pwòp peyi yo, li vini ak mizè, povrete mental, sa pi mal pase povret fizik la e l’ap fè ou konnen se manti, li fè moun pa vle pran desizyon menm si ou te gen tout bon materyèl pou pwodui, ou p’ap pwodui anyen. Madyan yo te entimide moun pèp Izrayèl la sitèlman ke yo pa te menm ka goumen ak yo. Lè Bondye t’ ap mache ak moun nan peyi Izrayèl la yo pa t’ bezwen kache, men madyan yo te konn fè yo al kache nan twou wòch, sa se yon demon teritoryal, pitit Bondye yo dwe konbat espri sa a. Espri madyan li plante nan ou, pou ka yon inyoran. Se yon espri ki gen lè l’, li vini apre li ale. Espri sa a vini nan sezon rekòt, men li pa vini pou l’ manje sa ou fè non, li vini pou l’ detwi. Lide madyan se pou fè w’ repwoche Bondye, pa egzanp ou te plante men ou pa rekòlte, lè sa a ou ap kòmanse repwoche Bondye konsa: “Bondye, m’ plante, gade kounye a m’ bezwen e m’ nan mizè.” Anpil fwa ou konn annik gen yon kòb nan men ou, menm kote a gen yon bagay ki pase pou kòb la ka pase.

65

Page 66: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Gen de fwa se yon moun nan sèk fanmi ou ki konnen ou resevwa yon benediksyon, yo gentan vin lakay ou pou ba yo oubyen prete yo kòb, san ou menm ou pa jwi benediksyon an. Bagay sa fè ou pòv ni materyèlman ni espirityèlman. Espri Madyan an fè ou pa ka prospere, pwogrese e devlope, li fè pou pa reyalize anyen e pou rete yon sèl kote. Espri madyan an mete divizyon nan yon nasyon, nan voye al kache nan twou.

1. Pou konbat espri sa a, ou dwe adore Bondye ki kreye syèl la ak tè a, lamè a ak tout sa ki ladan l’. Se Jewova l’ rele. 2. Kè ou dwe pwòp e enb (pa gen ogèy). (konvèti) 3. Bondye dwe ba ou yon revelasyon. (sa ap ba ou fòs pou w’ kontinye) 4. Ou ka defèt espri sa ak pouvwa yon sèl akò (linite). Linite ap bay fòs, travay ak viktwa. “… Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.” (Pwovèb 11:14) Sa yo se yon seri de espri ki ka anpeche ou pou fè ou pa kapab pwogrese, avanse e al devan. Li pa fòk se ou menm ki pou gen espri sa yo nan vi ou, men gen moun ki nan la vi ou ki kapab genyen yo e anpeche ou fè pwogrè.

66 - Nwizans (Anpechman) ki fè ou pa ka progrese

7.6 KÒMAN POU DEFÈT ESPRI MADYAN AN:

Page 67: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Anpil fwa gen moun ki gen espri sa yo k’ap gouvène yo, pa konnen si yo gen anpechman sa yo nan vi yo, men si tout fwa ou rive konn sa e ou konfese Bondye sa, admèt peche ou la oubyen fot ou bay Bondye, regrèt e rekòmanse, Bondye ap restore w’ e ba ou lòt opòtinite. Pa rete mare, ni rete nan pase ou, leve kanpe e kite Sentespri dirije ou nan bon chemen an. “Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li”. (Pwovèb 9:9) “Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.” (Pwovèb 8:33)

67

Page 68: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Chapit 8

Mache ak moun oubyen yon gwoup ki idantifye (sanble) ou, se sa ki fè ou vle rive pi wo nan vi ou, gade byen ak kimoun ou ap mache! Anpil fwa nan lavi se ak moun w’ ap mache a, ki ka di ki rezilta ou ap gen nan vi ou oubyen nan ministè ou. Mache ak moun oubyen ak yon gwoup kapab gen movèz oubyen bon enfliyans nan vi ou. Nan Sòm 1 nou li ki konsekans ki genyen lè w’ mache ak moun ki pa fè Bondye plezi. Li di pa koute konsèy mechan yo. Poukisa? Paske yo tankou pay van ap gaye e jou jijman yo p’ap ka leve tèt gade Bondye. Pawòl Bondye a tou avèti nou pou nou pa swiv egzanp moun k’ap fè sa ki mal, ni chita ak moun ki ap pase Bondye nan betiz, se moun sa yo ki ap anpeche ou rive kote ou dwe rive a, yo ap trennen ou e mennen w’ nan move wout. Pa mache avèk yo! Mache ak moun ki pran tout plezi yo nan lalwa Seyè a, se konsa ou ap kapab gen lavi ki pap janm fini an. Alelouya!!

68

Page 69: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Temwayaj Lè m’ te piti m’ te konn mache ak atlèt, mwen menm tou m’ te vinn yon atlèt. M’ te konn mache ak mizisyen, m’ vinn yon mizisyen, m’ te konn mache ak moun ki te konn ranje altènatè (sa ki pou bay kouran e chaje batri nan machin), m’ te mache ak komèsan m’ te vin yon komèsan, m’ te konn mache ak moun ki te konn fè son, m’ vinn enjenyè son, m’ te konn mache ak moun ki te trete madanm yo ak pitit yo byen, mwen menm tou m’ trete madanm ak piti mwen byen, m’ te konn mache ak ak bon pastè, mwen vinn yon bon pastè tou. Avèk ki moun ou ap mache? Egzanp ki moun ou ap swiv? La fwa ki moun ou ap imite? Si ou mache ak Jezi ou ap menmjan avè l’. Disip yo te konn mache ak Jezi, yo te vinn menmjan avè l’, genyen ki te pechè pwason, kolektè, moun legliz ect. Yo tout te chanje vinn menmjan ak Jezi. Si ou vle pwogrese, ou dwe chwazi ak ki moun pou w’ mache. Fòk ou kapab disène (konn byen ak mal) ou dwe ka wè moun ou asosye ak li pran plezi nan Senyè a, ke li toujou nan pawòl Bondye a, ke se yon moun ki pran plezi nan sa l’ap fè oubyen se yon moun ki fè yon bagay pou l’ fè, ou dwe wè pwogrè nan vi l’ e nan ministè l’. Ou pa ka avanse ak moun ki ap rale ou al anba.

69

Page 70: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Si ou vle ede yon mounn ki gen anpil chay, premye sa ou gen pou fè se pou ede l’ dechaje avan, pou moun nan ka ale pi vit e se apre sa ou ap ka ede moun nan pwogrese. Pa bliye tou ke si se ou menm ki ap ede moun nan pwogrese se pa li ki pou gide ou. Jozye te mache ak Moyiz li te vinn lidè pèp Izrayèl la. Elize te mache ak Eli li vinn yon pwofèt. Disip yo te mache ak Jezi yo te vinn lidè. Tit ak Timote te mache ak Pòl yo te vinn lidè. M’ konsyan ke se pa tout moun ki konprann apèl sa ke Bondye fè a nan lavi yo, mouvman ‘avanse pou pi lwen’ an. Yonn nan pi bon bagay ou ka fè se ale kote moun ki konsène a ki se Bondye. Pou avanse pou pi lwen, mwen vle mete aksan sou, ou bezwen angaje w’ plis ak Bondye. Ki kote ou kanpe jounen jodi a? Eske ou prè pou abandone e ale? Oubyen jan w’ ye a ou bon?

70

Page 71: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

PRIYÈ Papa nou ki nan syèl la, nou remèsye ou pou gras ak mizerikòd ou, n’ap mande ou nan non pitit ou Jezi pou beni chak moun ki li ti liv sa a, ke sa ou vle pou chak nan nou menm nan fèt nan lavi nou. Mèsi paske ou fè nou pran yon lòt nivo, mesi paske ou fè nou avanse pou pi lwen. Aprann nou e montre nou chemen pou nou pran e kisa pou nou fè. Pèmèt yon nouvèl onksyon ak yon onksyon frèch desann sou nou. Nou mande tou sa nan non pitit ou Jezi Kri. Amen. Pastè Raimy ak Arlette

Page 72: Iglesia House of Worship...TAB MATYÈ Chapit 1 Avanse pou pi lwen —10 1.1 La fwa nou 1.2 Avanse pou pi lwen gen yon pri Chapit 2 Foto lavni —15 2.1 Sanktifikasyon 2.2 Direksyon

Recommended