1
1
66 SSeeppttaannmm llaannnnee 22001122:: MMaacchhiinnnn CCHHIIBBAATT kkaapp
eesskkòòttee yyoonn kkoonnvvwwaa PPwwooggwwaamm AAlliimmaannttèè
MMoonnddyyaall ((PPAAMM)) ssoottii OOkkaapp aallee PPlleezzaannss..
EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
AAuugguusstt 66--2244,, 22001122
2
Apre yon seremoni ouvèti nan dat ki te 5 septanm lanne 2012 la nan kan Charlie, nan
lakou Pòtoprens, Pwojè KIZUNA rekòmanse pedale. JAPENGCOY lanse pou katryèm fwa
fòmasyon pwofesyonel sa kote 12 elèv ayisyen ap patisipe. Elèv yo aprann etap pa etap
teknik ak konesans nesesè ki ka pèmèt yo travay a lavni kòm operatè pwa lou. Konfyans
yo vinn genyen nan tèt yo pèmèt kapasite ak ekspetiz yo kontinye grandi. Apre premye
faz enstriksyon an, faz operasyon an vinn komanse 12 septanm menm lanne a.
Naoshi, yon enjinyè ki gen bon kè anpil.
Naoshi, 44 lanne, se chef enstriktè Pwojè KIZUNA a. Li
se yon enjenyè militè ki gen anpil eksperyans. Li di
konsa: “Mwen sèten ke solda lapè yo ede nan
amelyorasyon anviwonman an nan konstwi lekòl ak
wout e ede ayisyen yo aprann teknik ak konesans
nan domenn konstriksyon”.
Kesyon :
mwen ta renmen wè
istwa ak foto pam
pibliye nan
“Sòlda Lapè”.
Kisa poum fè?
Repons : kontakte nou oubyen
kontakte Ofisye enfòmasyon
piblik kontenjan ou an.
Asirew ke kòmandan ou
dakò.
Voye istwa ak fotow pou nou
(Byen klè).
Byen senp.
EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
IIssssuuee ##33 –– AAuugguusstt,, 2255––SSeepptteemmbbeerr 1155,, 22001122 2
3
Fumio, JAPENGCOY, 34 lanne.
“Non pam se Fumio. Lwazi mwen se liv. Mwen travay nan
Konpayi enjenyè japonè yo. Mwen se kòmandan platon
an e mwen kòmande travay enjenyè yo. Pou mwen
menm, Solda lapè yo se reprezantan nasyon yo. Yo
kenbe tet yo ak disiplin, yo fyè de travay yap fè a, yo
mete tout kapasite yo deyò pou rekonstriksyon peyi Dayiti
e pèp ayisyen an fè yo konfyans”.
Helen, PHILCOY, 38 lanne.
“Mwen se Helen. Mwen marye e mwen gen yon pitit
gason. Sa fè preske 16 lanne depi mwen entegre lamarinn
Filipin. Kounye a map travay kòm anplwaye byenèt sosyal
pou Bwanch U1 nan katye jeneral MINISTA. Jòb la pa fasil
sitou pou distans nou ye ak fanmi nou. Men se yon kokenn
opòtinite poum sèvi zanmi sòlda lapè parèy mwen yo nan
ede yo kenbe moral yo. Nan non peyi mwen kise Filipin,
mwen fyè deske mwen fè pati de misyon an”.
Zanj MINISTA yo met pye sou akseleratè a…
Jou ki te vandredi 31 dawout nan lanne 2012 la, yon kous antrenman te
fèt nan kan BOLCOY la. Te gen reprezantan 14 peyi ki te patisipe: Ajantin, Brezil, Bolivi,
Chili, Ekwatè, Gwatemala, Endonezi, Japon, Nepal, Paragwe, Perou, Filipin, Srilanka
ak Irigwe. Yo pakouri 5 kilomèt ak kas yo nan tèt yo epi zam yo nan men yo san konte
5 kilo sab nan valiz yo.
Silvia (lame chili), Claudia (lame Ajantin) e Alicia (Jandam Ajantin) te aksepte leve
defi a tou. Chapo ba ak tout patisipan yo e espesyalman ak twa vanyan medam
lapè sa yo !
EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
AAuugguusstt 66--2244,, 22001122
IIssssuuee ##33 -- SSeepptteemmbbeerr 11--1155,, 22001122 3
4
Kelke mo itil an Kreyòl :
Please………………..………………………..…. Souple
What is your name?……………..…… Ki jan ou rele ?
My name is Mark...………………….. Mwen rele Mark
No problem……………………..…. Pa gen pwoblèm
I do not understand.............. Mwen pa konprann ?
Excuse me……………........………...….. Eskize mwen
Pèp ayisyen an renmen itilize pwovèb anpil. Donk, nou pwopoze ou pou
aprann yon nouvo pwovèb kreyòl nan chak nimewo “Sòlda Lapè” ki
gen pou soti. Fwa sa se :
“Piti piti zwazo fè nich” (little by little, the bird builds its nest).
Meaning: with time and perseverance, one accomplishes one’s goals.
Yo se sòlda lapè, men yo pa pote inifòm yo pou bèl twèl.
Paske san yon anviwonman stab pa ka gen devlopman, sòlda nepalè yo
(NEPBAT) reyalize chak semen anpil patwouy a pye nan zonn yo responsab
yo. Yo asire sekirite enjenyè militè yo ak pèp ayisyen an. Sa fè tou yo
konnen byen milye sivil la e pèmèt yo òganize aktivite pou ede popilasyon
an. These boots are made for walking…
« Lame se rèn batay ». Marechal Fransè Joffre.
EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
AAuugguusstt 66--2244,, 22001122
5
Nan dat ki te premye septanm nan lanne 2012 la, premye batayon brezilyen an
(BRABAT 1), nan tèt kole ak seksyon rediksyon vyolans nan kominote a ak fondasyon
Timoun Bouke envite 300 timoun nan baz brezilyen an pou yo te ka santi yo “ yon solda
lapè pandan yon jounen”. Timoun yo kite soti nan katye Site Solèy patisipe nan plizyè
aktivite tankou edikasyon, kilti ak lwazi san konte dans Kapoyera, yon atelye sou lijyèn,
penti sou figi ak desen, espò (foutbòl, volebòl ak basketbòl). Yo te pataje tou yon
lamanjay ak envite yo… Kloun nan te mete anpil animasyon e timoun yo te renmen sa
anpil!
Jou ki te 31 dawout nan lanne 2012 la, Sòlda lapè ki nan lame ak lamarin
chili te òganize yon jounen anbyans pou 700 timoun ki nan fondasyon
ajantin Valdocco nan vil Kap Ayisyen. Ti gason ak tifi te patisipe nan
aktivite yo e sòlda yo te bay anpil jwèt ak founiti lekòl. Te gen anpil paran
ki te la tou. Jounen lajwa ak tandrès sa ap rete grave nan memwa timoun
yo ak granmoun an inifòm yo.
EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
Pou chak sòlda lapè, resevwa meday Nasyon Zini an reprezante
yon gwo moman fyète ak prestij. Men se yon okazyon tou pou kontenjan
yo prezante tradisyon ak kilti peyi yo e pèfòme dans ak espò. Lè seremoni
an fini, yo tou pwofite rasanble pou diskite ansanm e fratènize ak tout lòt
nasyon ki konstitye kokenn chèn fanmiy sòlda lapè yo.
- INDOENGCOY -
30 dawout lanne 2012
Nan GONAYIV
6 EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
AAuugguusstt 66--2244,, 22001122
6
Kisa riban ki nan meday mwen an reprezante?
Riban an gen kat koulè ladann : Ble a reprezante Nasyon Zini. Vè a
senbolize peyizaj vèt ak potansyèl ekonomik Ayiti ; Ble wa
senbolize oseyan ki antoure zile Ispayola a ; Blan an menm se
pwomès lapè pou pèp ayisyen an.
- Kontenjan peyi Irigwe a -
Jou ki te 10 SEPTANM 2012 la
Nan lakou MIBALÈ
- PARENGCOY AK PHILCOY - Jou ki te 7 SEPTANM 2012 la
Nan Kan CHARLIE, PÒTOPRENS
7 EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
AAuugguusstt 66--2244,, 22001122
Lucas ki nan BRABAT 1: “Jou ki te 5 ak 6
Septanm nan lanne 2012 la, batayon mwen
an te bay sekirite ak Oganizasyon
entènasyonal migrasyon an (OIM). Yo tap fè
resansman nan pi gran kan moun deplase yo
ki pote non Kan Jan Mari Vensan nan lakou
Pòtoprens. 168 sòlda lapè te patisipe nan
operasyon sa ki te dewoule san okenn
ensidan.”
MESAJ MESAJ MESAJ MESAJ MESAJ
Nuwan ki nan SRIBAT: “Pou mwen menm ak
zanmim yo ki fè pati kenzyèm batayon
Srilankè an, lè a rive pou nou tounen lakay
nou apre nou finn pase ywit mwa nan peyi
Dayiti. Nou te 650 antou ki te deplwaye nan vil
Lewogan, nan Jakmel, Kilik, Bwach ak Tigwav.
Nou swete déjà bòn chans ak sòlda srilankè
kap ranplase nou yo. Ak tout sòlda lapè yo,
bòn chans e pran plezi nan misyon yo konfye
nou an ! Isthuthi !”
Bruno ki nan BRAENGCOY: “Pandan de mwa,
enjenyè brezilyen yo repare wout nan plizyè
zòn nan Pòtoprens. Nou travay lannwit pou
nou pa bloke sikilasyon an. Travay la pa fasil
men li itil: Sis kilomèt pou nou repare! Nou
prevwa fini travay sa nan fen mwa septanm
nan . Bòn chans ak tout sòlda lapè yo.”
8
Matias ki nan ARGBAT: “Jou ki te vandredi 7
septanm nan lanne 2012 la, batayon mwen
an te vizite timoun ki nan yon òfelina. Nou
bayo bagay pou yo trete dlo, sirèt ak jwèt.
Timoun yo te kontan anpil e mwen te santim
satisfè e itil. Mwen apresye misyon sa paske li
makònnen sekirite ak sipò pou popilasyon an
ansanm.”
EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
AAuugguusstt 66--2244,, 22001122
9
Kontakte nou :
« Met lapè se pa yon jòb pou sòlda, men se sèl sòlda ki ka fèl ».
Dag Hammarskjöld, Sekretè jeneral
Nasyon Zini 1953-1961.
Pou aprann plis sou MINISTA:
http://minustah.org
http://www. facebook.com/Minustah
http://www.twitter.com/minustahmedia
http://www.flickr.com/photos/minustah/sets/
Ou ta vle voye yon mesaj bay yon sòlda lapè pou yon evènman espesyal?
Ou ta renmen dil ou sonjel?
Out a vle voye yon mesaj sipò bay tout sòlda lapè ki nan peyi a?
Solisyon an la. Ou ka voye mesaj ou a nan adrès sa:
E mesaj ou a ap pibliye nan lèt enfòmasyon sa.
Kèk règ:
Ekri prenonw, peyiw ak non sòlda paw la.
Si ou dedye mesaj ou a ak tout sòlda lapè yo ki an Ayiti, jis ekri mesaj la.
Mesaj la dwe kout: Yon fraz sèlman.
Si ou respekte règ sa yo, mesaj ou a ap pibliye…
EEkkzzaannppllèè ##33 –– 2255 SSeeppttaannmm 22001122
AAuugguusstt 66--2244,, 22001122